Yon entwodiksyon sou siplemantasyon miltivitamin prenatal pou fanm ansent (MMS)

Kisa Miltivitamin Prenatal pou Fanm Ansent ye?

Miltivitamin Prenatal pou Fanm Ansent

Sipleman miltivitamin ak mineral (SMM) se sipleman chak jou ki gen vitamin ak mineral ki fèt pou fanm ansent.

MMS bay 15 vitamin ak mineral esansyèl pandan gwosès, tankou ak asid folik.

Yo konnen Miltivitamin Prenatal pou Fanm Ansent tou kòm:

  • vitamin prenatal
  • miltivitamin prenatal
Ki benefis Miltivitamin Prenatal pou Fanm Ansent yo genyen?

Miltivitamin prenatal pou fanm ansent ofri benefis enpòtan pou fanm ansent ak tibebe yo ki poko fèt.

Miltivitamin Prenatal ede fanm ansent yo:

  • anpeche anemi;
  • amelyore estati nitrisyonèl yo;
  • redwi defisyans mikwo nitriman lakay manman an;

Miltivitamin prenatal ede tibebe a lè li:

  • ankouraje yon kwasans an sante;
  • diminye risk pou tibebe a fèt san l pa vivan;
  • diminye risk pou tibebe a fèt ak yon pwa ki ba oswa twò bonè;
  • diminye risk pou malnitrisyon nan premye ane lavi l.
Pwen kle pou sonje sou miltivitamin prenatal pou fanm ansent

Miltivitamin Prenatal fèt pou fanm ansent.

  • Si yon fanm gen kèk grenn ki rete apre l fin akouche, li ka kontinye pran yo pandan l ap bay tete.
  • Miltivitamin prenatal pou fanm ansent sipòte sante ak nitrisyon fanm ansent la ak tibebe ki nan vant li a.
  • Miltivitamin prenatal pou fanm ansent gen 15 vitamin ak mineral, pami yo gen ak asid folik.
 Kòman fanm ansent yo dwe pran miltivitamin prenatal?

Kijan fanm ansent ta dwe pran miltivitamin prenatal: 

  • Yo ta dwe pran yon (1) grenn pa jou jiskaske boutèy la fini.
  • Yo ta dwe eseye pran li ak manje oswa lè y ap dòmi pou diminye efè segondè yo.
  • Yo ta dwe eseye pran grenn nan nan menm lè chak jou pou yo pa bliye.

Pandan w ap pran miltivitamin prenatal pou fanm ansent, PA:

  • Yo pa dwe moulen oswa kraze grenn nan.
  • Yo pa dwe pran miltivitamin pranatal ak fè ak sid folik (FAF) an menm tan, sof si yon pwofesyonèl sante konseye yo fè sa.
Efè segondè ki posib

Lè w ap pran miltivitamin prenatal, kèk fanm ansent ka fè mal nan vant, konstipasyon, tèt fè mal oswa yon move gou nan bouch yo.

Efè segondè sa yo nòmal, yo pa grav epi ou ka jere yo.

Yo, an jeneral, tanporè epi y ap disparèt pandan kò a ap abitye ak miltivitamin prenatal pou fanm ansent.

Pou ede diminye efè segondè sa yo, li ka eseye:

  • Bwè anpil dlo (8 a 12 vè pa jou);
  • Pran miltivitamin prenatal pou fanm ansent ak manje;
  • Pran miltivitamin prenatal pou fanm ansent yon ti tan anvan li al dòmi.
Ki estrateji fanm ansent yo ka itilize pou asire yo pa bliye pran miltivitamin prenatal yo chak jou?

Fanm ansent yo ka adopte estrateji ki pi bon pou yo pou asire yo pa bliye pran yon grenn chak jou.

Men kèk estrateji yo ka eseye:

  • Sèvi ak yon kalandriye pou make chak jou yo pran miltivitamin prenatal yo;
  • Mande yon manm fanmi pou raple yo chak jou;
  • Kenbe boutèy la yon kote ki an sekirite ki pral ede yo sonje;
  • Pran grenn nan menm lè a chak jou.
Kòman founisè swen sante yo ka sipòte nitrisyon fanm yo pandan gwosès?

Pou sipòte nitrisyon fanm yo ak yon gwosès ki an sekirite e ki an sante, founisè swen sante yo ka konseye fanm ansent yo pou yo:

  • Ale nan vizit swivi gwosès depi bonè posib nan gwosès yo.
  • Kontinye ale nan vizit swivi gwosès pandan tout gwosès yo.
  • Kòmanse pran miltivitamin prenatal pi bonè posib epi pran yon grenn pa jou pandan tout gwosès la.
  • Manje yon rejim alimantè varye chak jou pandan gwosès la.
  • Kòmanse bay tete depi nesans tibebe a epi pratike tete sèlman jouk tibebe a gen sis mwa.