Enfòmasyon debaz sou Miltivitamin Prenatal pou Fanm Ansent

Kisa ki Miltivitamin Prenatal?

Miltivitamin Prenatal pou Fanm Ansent

Miltivitamin Prenatal se yon sipleman nitrisyonèl ke w pran chak jou ki gen vitamin ak mineral pou fanm ansent.

Li gen 15 mikwonitriman, ki gen ladan l fè ak asid folik.

Yo konn rele li:

  • vitamin prenatal
  • miltivitamin prenatal
Benefis

Mikwonitriman ki nan miltivitamin prenatal yo ede manman an ak tibebe a.

Lè yon fanm pran miltivitamin yo byen bonè nan gwosès li epi li toujou pran 1 chak jou, vitamin ak mineral yo kapab gen yon pi gwo enpak sou sante l ak sante pitit l ap pote a.

Miltivitamin prenatal yo ede:

  • Redwi anemi, pa wè byen nan nwit, ansanm ak lòt sentom lè moun manke vitamin ak sibstans mineral
  • Amelyore rezilta aprè akouchman, tankou pwa tibebe a
  • Diminye kantite tibebe ki fèt avan lè
  • Diminye kantite tibebe ki fèt tou mouri
  • Diminye mòtalite kay timoun ki poko gen 6 mwa
  • Genyen yon sistèm iminitè ki djanm
  • Pwomote devlopman fizik ak mantal ti bebe a
  • Bati yon baz solid pou timoun lan kapab grandi an bòn sante

Miltivitamin prenatal genyen 15 mikwonitriman sila yo:

  • Vitamin B1, B3, ak B6: Devlòpman nan sèvo fetis la ak nan sistèm nève a
  • Vitamin E: Antioksidan, ka ede ogmante kapasite pou goumen kont maladi epi diminye kantite tibebe ki fèt tou mouri ak tibebe ki fèt avan lè
  • Vitamin D: Zo ki an sante, retire ris pou tibebe a pa grandi
  • Selenyòm: Sipòte transfomasyon yòd, antioksidan
  • Vitamin B2:  Ede ak transfòmasyon asid folik ak lòt vitamin B, absòpsyon eleman nitritif, ak sante je ak po
  • Zen: Enpak pozitif sou pwa tibebe a lè li fèt
  • Vitamin A: Vitamin A ogmante transfòmasyon fè epi li enpòtan pou sante vizyèl, fonksyon iminitè ak kwasans fetis la ak devlopman.
  • Vitamin C: Ede ak absòpsyon fè
  • Yòd:  Esansyèl pou devlopman sèvo fetis la
  • Vitamin B12:  Enpòtan pou divizyon selil nòmal ak devlopman sistèm nève yo
  • Kwiv:  Devlopman tisi tibebe a nan premye 6 mwa yo
  • Fè:  Anpeche anemi ki koze pa defisi fè, ki gen rapò ak fatig ak feblès, ak ogmantasyon maladi epi lanmò avan ak pandan akouchman, ak tibebe ki fèt ak yon pwa ki fèb, ak tibebe ki fèt avan lè, epi ak deranjman nan devlopman sèvo fetis la.
  • Asid Folik: Anpeche malfòmasyon nan kòmansman gwosès la
Enstriksyon:

Li fasil pou pran Miltivitamin Prenatal yo

  • Pran 1 konprime Miltivitamin Prenatal chak jou, pandan tout dire gwosès la
  • Yon fanm ta dwe kòmanse pran Miltivitamin Prenatal yo yon fwa ke li konnen li ansent
  • Si gen Miltivitamin Prenatal ki rete nan boutèy la aprè li fin akouche, li ka pran rès grenn yo pandan l ap bay timoun lan tete
  • Pa pran li ansanm ak Fè ak Asid Folik
  • Si yon fanm ta bliye pran l yon jou, li dwe kontinye pran yon grenn nan jou ki swiv jou li te bliye a.  Pa pran 2 grenn Miltivitamin Prenatal nan jou k ap vini a
  • Mete Miltivitamin Prenatal yo yon kote pou timoun paka jwenn yo.
Efè Segondè

Ti Efè Segondè

Lè yo pran yo jan pou pran yo a, gen fanm k ap gen efè segondè sa yo:

  • Vant fè mal
  • Konstipasyon
  • Yon move gou nan bouch yo aprè yo fin pan Miltivitamin Prenatal yo

Diminye Efè Segondè yo

food and water

Jeneralman efè segondè sa yo pa rete , y ap ale lè kò a fin abitye ak Miltivitamin Prenatal yo.

Lè yo pran Miltivitamin Prenatal yo nan aswè oubyen ansanm ak manje epi dlo, sa kapab diminye efè segondè yo.

Konseye fanm ansent ki gen efè segondè espesifik pou yo swiv konsèy sa yo:

  • Tèt fè mal – bwè anpil dlo epi byen dòmi
  • Vant fè mal ak vomisman – pran Miltivitamin Prenatal yo ansanm ak manje oubyen nan aswè.
  • Konstipasyon – manje plis manje ki gen fib, tankou fwi ak legim, epi bwè anpil dlo.

Si efè segondè yo kontinye aprè fanm ansent lan swiv konsèy yo, fanm ansent lan ta dwe pale sa ak yon espesyalis swen prenatal.

Miltivitamin Prenatal oubyen Fè ak Asid Folik
IFA oswa MMS, pa tou de

Diferans ant Miltivitamin Prenatal oubyen Fè ak Asid Folik:

Menm jan ak Fè ak Asid Folik, Miltivitamin Prenatal redwi anemi matènèl. Epi tou, lè li konpare ak Fè ak Asid Folik, Miltivitamin Prenatal diminye eleman sila yo:

  • tibebe ki fèt ak yon pwa ki fèb
  • tibebe ki fèt tou mouri
  • mòtalite kay timoun ki poko gen 6 mwa
  • tibebe ki fèt twò piti pou laj yo
  • tibebe ki fèt avan lè
  • Pa bay fanm Miltivitamin Prenatal si yo deja ap pran Fè ak Asid Folik.
  • Pa pran Miltivitamin Prenatal ansanm ak Fè ak Asid Folik. Sa ap koz gen twòp fè nan kò fanm ansent lan. Chwazi youn epi pran li pandan tout dire gwosès la.
  • Pa pran Miltivitamin Prenatal yon jou epi Fè ak Asid Folik yon lòt jou. Pran yon sèl nan yo pandan tout dire gwosès la.
Ogmante atachman

Lide pou ankouraje fanm ansent pou pran Miltivitamin Prenatal yo pandan tout dire gwosès li:

  • Diskite ki kote pou mete Miltivitamin Prenatal yo nan kay li. Raple li pou mete Miltivitamin Prenatal yo nan yo kote ki an sekirite, ki fre, epi ki sèk pou anpeche grenn yo chanje koulè.
  • Mande fanm lan si li gen pwoblèm ak Miltivitamin Prenatal yo oubyen si gen yon rezon ki ta fè li pa pran yo. Si wi, reponn kesyon oubyen enkyetid li genyen.
  • Pran Miltivitamin Prenatal yo chak jou a menm lè a
  • Itilize alam oubyen yon lòt bagay ki pou raple li pou li pran Miltivitamin Prenatal yo chak jou
  • Mete boutèy la yon kote li ka wè l chak jou, men yon kote timoun paka jwenn li.
  • Mande fanmi oubyen zanmi li pou yo ede li sonje